Chant d’Espérance· n° 10· Kreyòl

Tout Bonè Mouin Nan Jézu-Kri

Aussi en Français : n° 10, Mon coeur joyeux, plein d'espérance

Couplet 1 : Tout bonè mouin nan Jézu-Kri,
Kris pou mouin! (2 foua)
San Jézu mouin pa gin la vi,
Kris pou mouin!
Sé li ki Roua-m, li sé Sovè-m,
Sé li-min’m tou ki bon doktè-m,
Si-l pa té la, sa mouin ta fè?
Kris pou mouin! (2 foua)

Couplet 2 : Mouin kité-n chaché lajan,
Kris pou mouin! (2 foua)
Mouin gin kichoy pi konsékan,
Kris pou mouin!
Si ou ban-m rad avèk bijou,
Si ou fè-m rich nan gnou sèl jou,
Tou sa sé pa angnin toujou,
Kris pou mouin! (2 foua)

Couplet 3 : Nan santé kou nan maladi,
Kris pou mouin! (2 foua)
Lè kè-m kontan, lè m-ap soufri,
Kris pou mouin!
Lè tan-m rivé pou mouin mouri,
Lésé tout bagay nan la vi,
Mouin pap krié, mouin pap kouri,
Kris pou mouin! (2 foua)

Partager ce chant

Tout Bonè Mouin Nan Jézu-KriChant d’Espérance · n° 10 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :