Couplet 1 : Ségnè Bon-Dieu, mouin vlé la vi-m
Ka ranpli ak louanj,
Nan tou sa-m yé, ak tou sa-m fè,
Plè ou tankou lè zanj.
Couplet 2 : Sé pa sèlman louanj lèv mouin,
Ni sèlman louanj kè,
Mouin mandé ou été-m ofri
Louanj ou a tout è.
Couplet 3 : Mouin vllé loué ou tout tan, min-m
Nan bagay òdi-nè;
Chak kou mouin sòti ou rantré,
Épi nan tou sa-m fè.
Couplet 4 : Fè ké tout pati nan mouin-min-m;
Kò, nan-m avèk léspri,
Kap chanté louanj ou, Ségnè,
Malgré m-fèb é piti.
Couplet 5 : Sé kon sa, Ségnè, mouin-min-m min-m,
Va glorifié ou,
É m-va kòmansé sou la tè
Chan ki pou lé siél tou.
Couplet 6 : Tout la jouné avèk lan nuit,
Va sin, lè m-fè kon sa,
M-va gin gnou komunion pafè
Ak ou, min-m isi ba.