Chant d’Espérance· n° 29· Kreyòl

Mouin Louvri Kè Mouin

Aussi en Français : n° 29, Jésus, Ô nom qui surpasse!

Couplet 1 : Mouin louvri kè mouin,
Pou-m résévoua ou.
Jézu, Sovè mouin,
Kè mouin bézouin ou;
Mouin santi mouin sèl;
Kè mouin fatigé;
Viv ak ou ta bèl,
Ou kab ban-m la pè.

Couplet 2 : Mouin louvri léspri-m,
Pou-m résévoua ou.
Jézu-Kri, Ségnè-m,
Rété la toujou.
Vini pou régné,
Gidé tout bagay.
Pou dirijé-m bi-in
Ma suiv lòd ou bay.

Couplet 3 : Mouin louvri nan-m mouin
Pou-m résévoua ou.
Bon Rédanmtè mouin,
Kò mouin pou ou tou.
Pou ban mouin la vi,
Pa manké angnin,
Pou mouin ou mouri!
Pran kò-m, vi-m, nan-m mouin.

Partager ce chant

Mouin Louvri Kè MouinChant d’Espérance · n° 29 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :