Couplet 1 : Lè ou konnin bon Sovè mouin,
Lè ou aksépté amou li,
Kè ou va chanté avèk joua,
Lè ou konnin Jézu.
Kè
Lè ou konnin-L, (2 foua)
Ou-a rinmin-l kòm nou zòt yo, tou;
Kè ou va chanté louanj Li,
Lè ou konnin Jézu nou.
Couplet 2 : Joua Li va réjoui ou chak jou,
Lumiè Li tonbé sou rout ou,
É promès Li va dous pou ou,
Lè ou konnin Jézu.
Couplet 3 : Ou-a konpran mizèrikòd Li,
Ou-a santi la pè Li toujou,
Lan mò pa gingnin pè pou ou,
Lè ou konnin Jézu.
Couplet 4 : Ou-a ouè Li kondui nan bon rout,
Ou-a kité-L kondui ou toujou,
Ou-a rakonté tou sa Li fè,
Lè ou konnin Jézu.