Chant d’Espérance· n° 74· Kreyòl

A la gnou Zanmi se Jézu

Aussi en Français : n° 74, Ô cieux, unissez-vous

Couplet 1 : A la gnou Zanmi sé Jézu,
Tout péché nou sé chaj li!
A la gnou bi-infè: pou pòté
Pin-n ba li nan la priè!
Konbi-in foua la pè nou pèdi,
Konbi-in chagrin nou subi?
Pouki? Paské nou pa pòté
Tout bali nan la priè.

Couplet 2 : Si gin tantasion ak touman,
Ou traka ninpòt kouman,
Nou pa pou jan-m dékourajé:
Jézu la nan la priè.
Ki lès Zanmi ki si fidèl,
Ki fè nan-m blié doulè-l?
Jézu konnin sa féblès yé:
Jouin-n ak li nan la priè.

Couplet 3 : Nou santi-n fèb? Nou pa kapab?
Ki lès flo napé pasé?
Sovè a di li résponsab:
Jouin-n ak li nan la priè.
Si zanmi ou yo blié ou,
Di Jézu-l, li tandé ou.
Lapé tan-n ou, bra li louvri.
Jézu vlé ba ou la vi.

Partager ce chant

A la gnou Zanmi se JézuChant d’Espérance · n° 74 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :