Couplet 1 : Map travay pou Jézu nan vouayaj mouin;
Map travay jouk la fin la jouné;
Mouin kab bronché souvan nan chémin mouin,
Min l-a padonnin mouin si-m prié.
Kè
Map nan travay pou Jézu nan vouayaj mouin;
Map travay ninpòt koté mouin yé;
Parol li sé lasurans mouin gingnin;
Nan travay la m-a toujou rété.
Couplet 2 : Gin dé lè kè mouin tris pasé yo tout
A kòz danjé mouin ouè nan chémin;
Jézu di: Pa pè, mouin toujou ak ou;
Sé mouin kapab kinbé ou ak mouin.
Couplet 3 : Mouin kontan avèk Jézu, Sovè mouin;
Lap konsolé pov kè mouin toujou;
Zanmi mouin, vi-ni tou, kouè nan Jézu,
Ou-a jouin-n li fidèl pou sové ou.