Échos des Élus· Chant d’Espérance· n° 3· Kreyòl

Mouin tap maché nan

Couplet 1 : Mouin tap maché nan gnou rout
Difisil, plin danjé
Lè tout suit mouin fè rankont ak Non-m sa
Li di mouin, pitit mouin,
Vini jouin-n mouin, pa mizé
M-obéi san plignin, é san pè, é Li kinbé min-m.

Kè

Non Li sé Jézu, nan pouin lòt kon Li
Non Li sé Jézu, vi-n adoré Li
Sa sé sujè kontantman kè mouin
Mouin ouè Sovè ya.

Couplet 2 : Chémin mouin té kòmansé
Vi-n fasil, byin fasil
Lè mouin vi-n rékon-nèt sé té Non-m sa
Ki gnou jou Li té bay la vi-L
Sou la koua pou sové-m
Kontantman ak la joua, plin kè mouin
Mouin ouè Sovè ya.

Couplet 3 : Ki gran jou sa va yé,
Lè La tounin vi-n chèché-m;
Tout kriyé, doulè, soufrans va fini
Ma réjoui avèk tout zanj
Nan sièl la pou tout tan.
Malè pou tout sa ki pat jan-m vlé kouè
Nan sèl Sovè ya.

Partager ce chant

Mouin tap maché nanÉchos des Élus · n° 3 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :