Échos des Élus· Chant d’Espérance· n° 71· Kreyòl

Kinbé fèm travay nap fè

Couplet 1 : Kinbé fè-m trava nap fè pou Jézu-Kri
Rout la pa fasil, fòk nou toujou soufri
Lè satan ap fè ravaj li, nou va tris
Nou konnin Jézu la, Li va kinbé nou.

Kè

Kinbé fè-m jouk sa fini
Kinbé fè-m jouk Kris vini
Kinbé fè-m, piga ou lagé
Lè Jézu la ou pa janmin fatigé.

Couplet 2 : Gnou sòlda pa jan-m touché san-l pa travay
Sé pou li toujou fidèl nan tout bagay
Li pap janmin rékilé lè-l nan batay
Nou konnin aprè batay nap gin viktoua.

Couplet 3 : Jézu séré gnou bèl kouròn pou tout krétyin
Ki toujou rété fidèl jouska la fin
Va gin tout kalité kouròn nan jou sa-a
Luté byin pou nou ka pran kouròn yo.

Partager ce chant

Kinbé fèm travay nap fèÉchos des Élus · n° 71 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :