Kè
Byin pré pa lakay, min-m si ouè-w preské rivé
Byin pré pa lakay, min-m si ou ouè vil la devan-ou
Byin pré pa lakay, min-m si problem yo rézoud
Byin pré pa lakay,
ou pa bezouin trionfé
Couplet 1 : Gin kèk gro krétyin ki la lontan nan légliz
Yo telman ansyin min-m limon levé sou yo
Yo chita, chita yo, yo pa jan-m vlé fè progrè
Lè yo egzoté yo, yo di yo déja sové
Couplet 2 : Gin kèk gro kretyin ki gin sinkantan légliz
Se yok fè la sèn,
koté misyon yé yo la
Lè yo vin légliz yo toujou pran plas devan
Min kou gnou frè pile yo,
ou ouè yo
jouk nan bare, yo pralé
Couplet 3 : Gin kèk gro levit, ki vin-m tou cho nan légliz
Yo zanmi paste yo zanmi predicate
Yo bay gro lajan, yo nan tout aktivité
Min yo pa jan-m chanjé, yo konpran-n yo fi-n rive
Couplet 4 : Sonjé lè Moyiz té fi-n
deliver pèp la
Li ta pé maché min nan min ak létènèl
Li rive sou rout lite fe yon ti kolè
Moyiz ouè Kanaan,
min li pat antré ladan-l
Gin anpil krétyin ki ranpli ak ògèy
Yo toujou pansé yo pibon pasé tout moun
Lè yo jouin-n avèk ou yo di ti frè kòman ou yé
Min devan létènèl pa ti frè,
ni gran frè