Haïti Chante avec Radio Lumière· Chant d’Espérance· n° 14· Kreyòl

Sèlman Jézu

Couplet 1 : Dépi-m trouvé Jézu mouin trouvé répo,
Jézu kaché-m nan gran amou Li,
Li konpran-n mouin,
L-édé’m pòté tout fado
Chak jou Li ban-m prèv gran amou Li.

Kè

Sèlman Jézu, sèlman Jézu,
Li-min’m sèl kab satisfè,
Li ban-m la joua, Li ban mouin la pè,
Li ban mouin bonnè pafè.

Couplet 2 : Dépi-m trouvé Jézu mouin trouvé la joua,
Mouin pa-t pansé sou la tè sa a,
Mouin pa jan-m kab trouvé.
Gnou si gran joua
M-ap gouté déjà bonnè sièl la.

Couplet 3 : Dépi-m trouvé Jézu mouin gingnin éspoua
Min-m nan mizè-m,
Min-m nan soufrans mouin,
Nan pouin loraj ki kab fè-m pèdu la foua,
Ténèb chanjé an lumiè pou mouin.

Partager ce chant

Sèlman JézuHaïti Chante avec Radio Lumière · n° 14 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :