Haïti Chante avec Radio Lumière· Chant d’Espérance· n° 39· Kreyòl

Papa-m Ranjé-l Kon sa

Couplet 1 : Sa sa fè si rout la mové
Min-m si gin mové pa
Li konnin byin tou sa L-ap fè
Papa-L ranjé-l konsa.

Kè

M-a chanté nan solèy, nan fè noua
Ninpòt sa-k rivé, m-a kontan.
Fo-m chanté, mouin pa kapab rété,
Papa-m ranjé-l konsa.

Couplet 2 : Sikonstans yo kapab chanjé,
Sa pa fè mouin angnin,
Dèské sé konsa Li chouazi
Plan Papa-m bon poi mouin.

Couplet 3 : Li té déja pasé rout sa
L-ap édé-m pa-za-pa.
Mouin gin konfians ké santié sa
Ap minnin-m nan sièl la.

Couplet 4 : Sèlman lumiè ak réjouisans
Ap tan-n mouin a la fin
Donk mouin pa pè gnou ti soufrans
Papa-m ranjé li byin.

Partager ce chant

Papa-m Ranjé-l Kon saHaïti Chante avec Radio Lumière · n° 39 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :