Haïti Chante avec Radio Lumière· Chant d’Espérance· n° 4· Kreyòl

Gnou Chan Louanj

Couplet 1 : Kè mouin boulvèsé anba kolè Bon-Dieu,
Anvi mon-n nan trinnin-m nan bafon péché
Ségnè, pou gnou pov mizérab gin pitié,
Tou souit Li vi-n sékouri-m koté-m té yé.

Kè

Li rétiré-m nan boubié péché,
Li mété piè-m sou tè fèm sé vré,
Li fè kè-m réjoui é m-a chanté
Gnou chan, gloua a Dieu, Alélouya.

Couplet 2 : Li té mété-m sou tè fèm a koté Li
Pié mouin vi-n asuré nan chémin la vi,
Nan pouin danjé ankò, Li kinbé-m débou,
Map maché pa-za-pa avèk Li toujou.

Couplet 3 : Li mété gnou chan louanj andan kè mouin
Nan nuit kou la jounin sé Li m-a chanté
Kè mouin ap débòdé, nanm mouin afranchi,
Tout gloua pou Rédanmtè, Ségnè Jézu-Kri.

Couplet 4 : M-a chanté gran mizérikod Li pou mouin,
Map félisité-L jouk tan tout moun konnin
Nan pouin lòt salu pou lé-zòm jodi a,
Vi-n chèché sékou Li avan li tro ta.

Partager ce chant

Gnou Chan LouanjHaïti Chante avec Radio Lumière · n° 4 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :