Haïti Chante avec Radio Lumière· Chant d’Espérance· n° 41· Kreyòl

M-a Toujou Piloté Ou

Couplet 1 : Pafoua lè kè mouin vlé douté
É-m pa kapab ouè solèy
Mouin voyé jé mouin sou Jézu,
Tanpri, Mèt, piloté mouin.

Kè

Pa pè paské m-a avèk ou,
M-a toujou piloté ou,
Pa okupé vag la mè a
Konfié nan mouin pou toujou.

Couplet 2 : Souvan lè nan-m mouin fatigé,
É jounin an vlé trénin,
Mouin gadé koté pilot la,
É sé chan sa mouin tandé.

Couplet 3 : Lè tantasion yo antouré-m,
É-m prèské pèdu chémin,
Nan mitan tanpèt anrajé,
Sovè a palé ak mouin.

Couplet 4 : Lè mouin rivé ba Joudin an,
Riviè ap débòdé,
Sou rivaj mouin ouè Sovè a,
Li la pou piloté mouin.

Partager ce chant

M-a Toujou Piloté OuHaïti Chante avec Radio Lumière · n° 41 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :