Haïti Chante avec Radio Lumière· Chant d’Espérance· n° 69· Kreyòl

Alélouya Mouin Jouin-n Jézu

Couplet 1 : Tout la vi mouin, mouin tap soufri,
M-tap chèché gnou dlo pou-m bouè,
Ki tap soulajé pou tout tan
Souaf la ki té plin kè mouin.

Kè

Alélouya, mouin jouin-n Jézu
Ké lontan nan-m mouin chèché,
Jézu satifè tout kè mouin
Sé pa san Li mouin sové.

Couplet 2 : Manjé lé mon-n té ranpli mouin
Min mouin pat gin pè dutou
Mouin tap chèché sa ki pi bon
Nan-m mouin té toujou grangou.

Couplet 3 : Mouin té pòv, lajan m-tap chèché
Gnou bagay pou satisfè-m,
Min tou sa mouin tap rasanblé,
Pat fè angnin pou nan-m mouin.

Couplet 4 : Gnou sous dlo ki toujou koulé
Pin la vi si bon, san pri,
É richès ki satisfè mouin,
Mouin jouin-n tou sa nan Jézu.

Partager ce chant

Alélouya Mouin Jouin-n JézuHaïti Chante avec Radio Lumière · n° 69 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :