Mélodies Joyeuses· Chant d’Espérance· n° 14· Kreyòl

Le zeprev yo vi-n nou monde pouki

Aussi en Français : n° 14, Racheté! Que j'aime à l'annoncer

Couplet 1 : Lè zéprèv yo vi-n nou mandé pouki
Nou bézouin soufri – kè atristé
Poutan lè zòt yo ki antouré nou
Apé réjoui yo-min’m nan péché.

Kè

Pi dévan na ouè Jézu nan glou Li
Pi dévan napé konpran-n pouki
Bon kouraj frè mouin
Fè kè ou kontan,
Paské gnou jou
Nap konpran-n pouki.

Couplet 2 : Souvan nou mandé
Pouki nou bézouin
Pasé nan rout sa pou suiv Jézu
Pandan lè zòt yo ap viv byin alèz
Nou bat pou chèché lèzam pèdu.

Couplet 3 : Rété fidèl juska la mò frè mouin
Lé Ségnè Jézu égzòté nou.
Nou va blié tout traka nou pasé
Lè nou antré nan sièl la gnou jou.

Couplet 4 : Byinto n-ap la ak Jézu Sovè nou
Nan bèl kay nou lè Li va vini.
Anlè nap kontré byinn-émé nou yo
Lè sa napé konpran-n byin pouki.

Partager ce chant

Le zeprev yo vi-n nou monde poukiMélodies Joyeuses · n° 14 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :