Réveillons-nous Chrétiens· Chant d’Espérance· n° 14· Kreyòl

Sòlda Jezu-Kri Debou, Lè-a rive

Aussi en Français : n° 14, Longeant péniblement

Couplet 1 : Sòlda Jezu-Kri debou, lè-a rive
Sovè nou prale parèt an nou leve
Laresistans ap lite nan tout peyi
Pou nou ranvèse rwayòm movè zespri

Refren

N’ap reziste (2 fwa)
Lannwit, lajounen tout tan n’ap reziste
N’ap konbat rwayòm satan n’ap reziste

Couplet 2 : Kont tout tantasyon satan n’ap reziste
Kont tout atirans lajan n’ap reziste
Kont lemonn avèk plezi n’ap reziste
Kont tout movè zespri n’ap reziste

Couplet 3 : Kont tout kalite peche n’ap reziste
Kont tout move karaktè n’ap reziste
Kont lògèy avèk gro san n’ap reziste
Kont tripotaj, medizans n’ap reziste

Couplet 4 : Kont satan, kont malady n’ap reziste
Malgre tout sa n’ap soufri n’ap reziste
Nan lavi kòm lanmò n’ap reziste
Andedan kòm andeyò n’ap reziste

Couplet 5 : Malgre nou nan tout mizè n’ap reziste
Malgre nou soufri grangou n’ap reziste
Malgre kò nou touni n’ap reziste
Malgre soufrans kretyen sou tè-a n’ap reziste

Couplet 6 : Menm si fanmi nou kite nou n’ap reziste
Zanmi nou mèt kite nou n’ap reziste
Yo te mèt kritike nou nap reziste
Menm Jezu te konn soufri n’ap reziste

Partager ce chant

Sòlda Jezu-Kri Debou, Lè-a riveRéveillons-nous Chrétiens · n° 14 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :