Réveillons-nous Chrétiens· Chant d’Espérance· n° 18· Kreyòl

Nan Mitan Gwo Lanmè

Aussi en Français : n° 18, Nous reclamons Seigneur ta presence

Couplet 1 : Nan mitan gwo lanmè,
Ak tranpèt mwen te ye.
San sekou m’te pèdi,
San lafwa, san limyè
Toutakou mwen wè yon gwo bato ap pase
Mwen ranmase tout fòs mwen
E mwen te rele “O sekou” (2 fwa)

Couplet 2 : Se bato levanjil vapè byen ekipe
M’ap Mennen fidèl yo nan rwayòm Bondye,
Kapitènbato-a wè efò mwen t’ap fè
Ak yon men byen anlè
Mwen te kriye trè klè: “O sekou” (2 fwa)

Couplet 3 : Touswit bato sovtaj,
Fè mwen reprann kouraj,
Nan gran bonte-l chef la
Pran ka mwen an chaj,
Kounye-a mwen kontan e zafè mwen regle,
Paske gran Sovè-a rive kote-m te ye
Glwa a Dye! Glwa a Dye konsa nanm
Mwen chante “glwa a Dye!”

Couplet 4 : Zanmi dekoiuraje ki ki pa konnen lapè,
K’ap fè nofraj anba tèrib lanmè peche,
Senyè mwen dispose sove ou si ou vle,
vi-n chase sekou li kounye-a san delè
li sove-m! li sove-m!
ak lajwa m’ap chante li sove-m.

Partager ce chant

Nan Mitan Gwo LanmèRéveillons-nous Chrétiens · n° 18 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :