Couplet 1 : M’ape swiv ou, O bon Sovè mwen,
Nenpòt kote ou prale
Tout kote ou vle kondwi mwen
Pran devan m’ape mache
Refren
Chemen-an te mèt difisil
San limyè e san tras
Depi ou la, l’ap vini fasil,
M’ap swiv tras ou, e m’ap mache.
Couplet 3 : Si mwen fèb, si mwen akable,
Si lapenn anvayi kè mwen
M’ap swiv ou ankò san twouble
Wi Senyè konte sou mwen.
Couplet 4 : Si ou Mennen-m nan gran jouden-an
Gwo kouran p’ap fè mwen pè,
Paske ou traverse-l anvan-m
Bon Jezu, m’ap swiv ou an pè.