Réveillons-nous Chrétiens· Chant d’Espérance· n° 44· Kreyòl

Lè Moman-an Te Pi Difisil

Aussi en Français : n° 44, O! Mon enfant reprend la lyre!

Couplet 1 : Lè moman-an te pi difisil,
Pitit, madanm tonbe ,alad,
Kouche sou kabann lopital
Ak lapenn mwen pa na travay.
Yo ban mwen papye preskripsyon
Mezanmi mwen m’pa gen a touché
Mwen louvri bra mwen bay Jezu
Se li menm sèl ki ka sove-m

Refren

Mwen p-ap lache Jezu yon may
Avèk li mwen pi asire
Mwen p-ap kite Jezu sovè-m
Avèk li m-ap genyen viktwa.

Couplet 2 : S-ak te di-m ale kay book,
Ak lajan m-al rele vye loua,
Ajenouye nan pye pechè,
Pitit, madanm mwen pral mouri,
Mwen fè yon ekzamen konsyans,
Si yon nonm te kab bay lavi
Nonm sila-a pa te janm mouri
Tout byen sou late ta pou li

Couplet 3 : Doktè di-m pa genyen espwa
Tou de moun yo prèt pou mouri
Men mwen di “O non de Jezu!
Pa gen anyen dròl k-ap pase”
Tou de moun yo pat k-ap manje
Men demen, yo mande manje
Wuit jou pase yo ekzeyate
Sou proteksyon Jezu sovè-m

Partager ce chant

Lè Moman-an Te Pi DifisilRéveillons-nous Chrétiens · n° 44 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :