Couplet 1 : Mwen genyen yon bagay
Ki fè kè mwen kontan
Anpil moun etone, pou wè
Kòman-m kontan,
E m’ap toujou kontan
Espwa-m pa sou tè sa-a
Daprè pwomès Bondye
Menm si mwen te grangou,
m-pat gen kay pou-m rete,
m-ape tann gran jou sa-a
Refren
p-ap gen pale franse konesans
pral fini riches pral disparèt
p-ap genyen gwo mesye:
ni p’ap gen gwo madanm,
tout moun va menm bagay.
Lè jezu retounen, li pap vini chèche
Savan ak zotobre sèlman li va bezwen
Moun ki fè volonte-l, y ova men nan la men.
Couplet 2 : Pou ou kapab al legliz, fòk ou byen abiye
Sa-k pa gen pou’l mete,
Pa dwe chita kote-w
Ou ranpli ak lògèy
Sonje sa Kris te di avèk gran nikodèm
“si-w ta vle gen lavi, fòk ou ne de nouvo,
Ou va wè gran jou sa-a.”
Couplet 3 : Anpil moun konvèti, y opa cheche Bondye,
y-ape priye sèlman pou kay avèk
oto, se bgay k’ap pase yo p’ap
priye Bondye pou padon peche yo
fòk nou fèt atansyon, paske ka yak oto
p-ap rantre nan syè la.
Couplet 4 : Lasyans ape travay, malgre sa se nilman,
Sa kon-n fè mechanste, syans fè-l
Vin pi mechan, syans pa ka bay lavi
Lòm pa kab chanje lòm, sinan san Jezu Kri
Menm si-w te lougawou,
Ou te konn touye moun
Jezu kapab chanje-w