Couplet 1 : Anba lonbraj lakwa Jezu-a
Se la nou va repose
Wi repose nan gras Bondye
A la bèl bagay lè n’ap mache
Men nou nan men Jezu-kri,
N’ap rete fèm nan gras Bondye
Refren
Jezu bon bèje ap veye sou nou
Li fè nou pwomès, li pap janm domi
Se pou sa nan bèl kay bèje-a
Mouton yo gen kè poze
Wi repose nan gras Bondye
Couplet 2 : Nan pi bèl patiraj ki genyen
Se la li fè nou manje
Nan pi bèl rivyè k’ap koule,
K’ape koule byen trankil,
Li fè nou bwè, swaf nou pase.
Couplet 3 : Ou menm k’ap travay pou Jezu
Ou pa bezwen dekouraje
Kenbe pi fèm, ou va rive,
Gras Bondye se benediksyon,
Eske ou pa ta renmen-l tou
Chwazi Jezu Jodi-a menm.