Couplet 1 : Sa fe sink mil ane pase
Noe bati lach la, Bondye di
« M’ap voye yon delij pou detwi late-a
Zannimo antre andedan-l
Medizan yo mande
Si Noe panse fe lach la
Sou te sek la, l=ap fel
Ak fanmi-li, Noe antre,
Bondye femen pot la
Syel la vin-n sonb,
Zekle pete pasyans Bondye kaba
Ala yon lapli (2 Fwa)
Li tonbe pandan karant jou
San li pat rete ditou
Ala yon lapli… (2 Fwa)
Men lach, la vwayaje toujou
Ala yon lapli
Couplet 2 : Moyiz ale soukont Bondye
Bay pep-la libete
Rwa Ejip deklare : mwen pap lese
Esklav ale
Banboch nan deze ya.
Men yo tout va rete
Olye mwen lese yo m’ap fe
Travay yo redouble
Moyiz reponn: “Ou pral soufri”.
Moyiz menm pate pe,
Li kanpe bo rivye, e,
Leve baton li anle,
Ala yon lapli… (2 Fwa)
Sotrel, krapo, mouch, pou ak grel
Grengole ou lejip sot nan syel.
Ala yon lapli (2 Fwa)
Fararon pat kab sipote.
Ala yon lapli…
Couplet 3 : Nan tan Eli Izrael,
Le rwa Akab reye,
Sechres te fe twa zan edmi,
Lapli-a pat tonbe,
Akab banboche sou Kamel,
Pandan Eli priye
Sis fwa, nan pwen anyen,
Men Eli pat dekouraje
Byento yon ti nyaj paret,
Eli te pran kouri
L’al di Akab: “pou ou prepare ou,
Pou yon kokenn lapli »
Ala yon lapli… (2 Fwa)
Syel la tou nwa, dlo sa pa yon jwet
Ala yon lapli… (2 Fwa)
Le li rive, li mouye net.
Ala yon lapli.
Couplet 4 : Anvan Jezu tounen nan syel, kote li soti
Ak onz apot yo, li promenen
Jouk nan Betani.
Li di le-l rive nan syel la, l-ap voye sentespri.
Donk rete tann nan Jerizalem
Jouk pwisans la vini,
Sanvin disip nan chanmot la te veye e priye
Yon van sibit sekwe kay la,
Benediksyon vide.
Ala yon lapli…(2 fwa)
Bondye voye lesentespri,
Preche chak moun nan lang pa li.
Ala yon lapli… (2 Fwa)
Mesaj repann nan tout peyi,
Ala yon lapli