Couplet 1 : Jezi se ou menm ki sove-a
San ou menm mwen pa genyen la vi (3 fwa)
Refren
Yo panse fe mwen mal,
Mal change anbyen
Se pou glwa Bondye manifeste.
Couplet 2 : Yo pran-n, lage-m nan siten nan,
Pou m-pedi lavi materyel mwen
Jezu ki kon-n sa li pra-l fe,
Mwen kouri lage mwen nan bra li.
Couplet 3 : Malgre mwen nan bouch delivrans mwen
Satan vi-n pou-l lage-m nan lemonn
Jezu ki ranpli ak tout fos li
Mwen kouri lage mwen nan bra li.
Couplet 4 : Jezu, menm nan mitan brigan yo
Tou sa mwen fe yo leve kont mwen,
Si ou pa vire zye gade mwen,
Brigan yo ta lage-m nan lemonn.
Couplet 5 : Malgre mwen nan bouch delivrans mwen,
Madanm Potifa vi-n po jete-m
Madanm Potifa kenbe rad mwen,
Mwen kouri lag eves mwen ba li