Couplet 1 : Ale, joli kolonb mesaje Bondye,
Ale voye mesaj la bay tout le zimen
Ale nan lesinayi
Nan laband de gaza
Ale opre de Jwif e opre de Arab,
Di yo : Li le pou yo sispann trennen
Nan yon la vi kot chen ap manje chen
Li le pou yo siyen yon trete de pe
Paske jistis Bondye pa lwen pou’l vini
Refren
Ale di yo sa se Granmet la ki voye-ou
Ale di yo sa,
Avni-an kapab apokaliptik
Couplet 2 : Ale jis anro tet tribi-n nasyonzini,
Ale voye mesaj bay lemonn antye
Ale pwofite pale ak gwo pwisans yo.
Ale di yo pou yo sispann frabrike zam
Nan tye monn la gen moun kinan grangou
Gen timoun k’ap grandi nan malsite
Kip a men-m gen anyen pou yo manje
Di yo kile dyalog no-sid la va serye.
Couplet 3 : Ale nan tou azil, nan tout sanatoryom,
Ale kote lavi-a pa sanble ak lavi lom
Ale kote k’gen inosan k’ap anprizone
Ale di yo pran kouraj pe-n yo pral fini
Ale pale ak tout « Boat People » yo
Tout moun ke yo frape pou ide yo
Di yo : ya gen chans re we peyi yo,
Paske jistis Bondye-a pa lwen pou-l vini
Couplet 4 : Ale opre de rwa e opre de pwisan,
Ale bo moun ki renmen we espetak san.
Ale di yo Agno Bondye-a an kole
Ale di yo jou sa-a ki bo yo pral kache ?
Ale mache nan tout gran tribinal,
Kote jistis ap vann lajan kontan
Di jij la yo, se pou yo repanti,
Paske jistis Bondye-a pa lwen pou-l vini
Couplet 5 : Ale bo l’O.M.S et bo la F.A.O.
Ale di yo ke tye monn an konvalesan.
Ale tout bo lakouarouj intenasyonal
Ale di yo ke survi monn la an danje
Ale pale ak peyi l’OPEP yo
Ki ap monte pri petwol la byen wo
Di yo, pou yo genyen pitye pou nou
Paske bidje tye monn la déjà fin kreve
Couplet 6 : Ale, nan tout « night-club » nan tout disko
Ale kote y-ap pwofite twoke jen yo.
Ale, di yo genyen pitye pou jenes la.
Ale mache nan tout gran bodel
Kote y’ap eskplwate fanm de nwi yo,
Di yo : pa kontinye peche anko,
Paske jistis Bondye-a pa lwen pou-l vini.
Couplet 7 : Ale nan tout vale nan tout mon nan tout plenn
Ale konsole sila yo ki aflije
Ale kote pitit Bondye ap mouri grangou
Ale di yo pran kouraj yo va rasasye
Ale pale ak peyizan-l yo kip a gen
Yon ti kal te pou yo travay
Di yo an atandan ya pran kouraj
Paske jistis Bondye-a pa lwen pou’l vini.