Couplet 1 : Lè Jézu mouri sou Kalvè,
Lè Kris mouri sé té pou mouin.
Mouin mandé-m, èské m-a konnin
Konbi-in mouin doué, konbi-in mouin doué?
Kè
Konbi-in mouin doué lamou san fin?
Konbi-in mouin doué, ka Kris pou mouin?
Mouin konnin sa li fè pou mouin;
Mouin pa ka di konbi-in mouin doué.
Couplet 2 : Sovè mouin, nan Jétsémani,
Té pasé pi gran agoni.
Sé pou mouin soufrans sa té yé,
Kouman pou-m di konbi-in mouin doué?
Couplet 3 : Sé té amou li gin pou mouin
Ki fè-l soufri gnou mò onté.
Lè tout san kò li té koulé,
Li sové mouin, konbi-in mouin doué?
Couplet 4 : Lè m-a rivé nan sièl la tou,
Rété avèk li pou toujou,
Mouin mèt palé di mil anné;
Mouin pap fi-n di konbi-in mouin doué.