Couplet 1 : Papa mouin gin kay, avèk anpil tè,
Pla min ni kinbin tout fòtu-n ké li fè,
Piè présié, diaman, ak lajan ak lò,
Tout bouat li yo plin, nan richès li pi fò.
Kè: Mouin sé pitit Roua a,
Gnou pitit Roua a;
Jézu sé Sovè mouin,
Mouin sé pitit Roua a.
Couplet 2 : Sèl Pitit Bon-Dieu ki Sovè lé mon-n,
Gnou jou té maché sou la tè kon gnou non-m:
Koun yé a, lap plédé padon nou nan sièl;
Lè L-a vi-n chaché nou, n-a rantré avè-l.
Couplet 3 : Lontan mouin maché, gnou non-m égaré;
M-té pito péché pasé konnin Bon-Dieu;
Min Li adopté-m, é Li ban mouin non-m;
Mouin sé éritié gnou palè ak kourò-n.
Couplet 4 : Joupa ou bi-in kay, sa pa fè-m angnin;
An ro a, yap bati gnou palè pou mouin;
Pandan map tan-n li, m-a chanté chan sa a:
Tout gloua pou Bon-Dieu, mouin sé pitit Roua a.