Couplet 1 : Chemen-an pa fasil,
Jouk nou rive nan syèl la,
Li genyen pikan e pieèj anpil,
Cheman-an pa fasil,
Men Jezu mache ak nou,
Li ran kè nou tout toutafè trankil
Refren
Non, non chemen-an pa fasil (2 fwa)
Men Jezu mache ak nou
Li pote fado nou,
Gras li fè kè nou rejwi anpil.
Couplet 2 : Chemen-an pa fasil
Gen zeprèv, genyen traka
Tout kote nou pase gendanje
Rout la mèt difisil
Si Jezu kenbe nou,
Na rete fèm lè pye nou glise.
Couplet 3 : Kò nou konn fatige,
Dekouraje nan rout la
Epi satan konn vi-n tante nou
Men n’ape tann le Senyè
Ki va parèt nan glwa li,
L’ape pran nou ak li yon bèl jou.