Couplet 1 : Kè mwen boulvèse anba kolè Bondye,
Anvi monn nan trennen-m nan bafon peche.
Senyè pou yon pòv miserfab, gen pitye,
Tou swit li vi-n sekoure-m kotem’te ye
Refren
Li retire’m nan boubye peche,
Li mete pye-m sou tè fè-m se vre
Li fè kè-m rejwi e m’ap chante
Yon chan glwa a Dye!
Aleloya!
Couplet 2 : Li te mete-m sou tè fèm, a kote li
Pye mwen vi-n asire nan chemen lavi
Nan pwen danje ankò, li kenbe-m debou
M’ap mache pazapa avèk li toujou.
Couplet 3 : Li mete yon chan louanje anndan kè mwen
Nan nwit kou lajounen.
Kè mwen ap debòde nanm mwen afranchi
Tout glwa pou redanmtè Seyè Jezu-Kri.
Couplet 4 : M’ap chante gran mizerikòd li pou mwen
M’ap felisite jouk tan yon moun konnen
Nan pwen lòt Sali pou lèzò Jodi-a
Vi-n chache sekou li anvan li trò ta.