Couplet 1 : Pawòl Bondye di nou: lè Kris prèt pou-l vini
Lamou va refwadi anpil fwa va branle
Peche va ogmante, lè syèk la pral fini,
Malgre sa, satan pa janm repanti
Refren
Jezu ap vi-n maten, middi ou a minwi
Tout mò ki nan Kris y ova tande twonpèt la
Yo va resisite pou yo ale nan syèl,
Kote pap gen lanmò, se viv tout tan.
Couplet 2 : Traka isiba yo ranpli kè nou ak krint,
Jouk tan nou fi-n bliye tout byenfè Bondye yo
Imilye nou pou-n sòti anba chatiman,
Fòk nou kretyen pou nou vi-n pèleren.
Couplet 3 : Eprèv y ova fini lè nou monte anwo,
Nou va jwaye tout tanlè nou ale nan syèl,
na bliye tout sousi, na di lemon adye
pou-n ale jwi bone ki p-ap fini.
Couplet 4 : Nou tout te kondane, Jezu fè nou pwomès
Si nou vle kenbe li, na jwenn la delivrans
Pwomès la akonpli sou lkwa di kalvè.
Nou di mèsi Seyè pou amou li.