Réveillons-nous Chrétiens· Chant d’Espérance· n° 29· Kreyòl

Te Gen Yon Fanm Kit E

Aussi en Français : n° 29, Vivre près de mon Sauveur

Couplet 1 : Te gen yon fanm kit e,
Li pase douzan, li pat kapab geri.
Tout kote l-ale li pat jwenn gerizon
Li vi-n kouche, pou li tan lanmò li.

Refren

Pandan li kouche, li tande y-ap pale
Gen yon sovè ki fè anpil ,irak,
Li pran kouraj li di konsa
“mwen gen espwa ke m-ap jwenn gerizon”

Couplet 2 : Yon jou li leve, li te ale’
Foul la anpil, li pa kapab antre,
Li te fòse-l touché ròb Jezu,
Menm lè sa-a fanm nan te jwenn gerizon

Couplet 3 : Pandan fanm nan touché ròb Jezu
Jezu santi li pa menm jan ankò
Li te kanpe, li foul la:
“mwen santi yon moun ki touché mwen”

Couplet 4 : Disip yo reponn, yo di “Senyè
Foul la anpil kòman ou fòman ou fè konn sa”
Fanm nan parèt, li di “Senyè
Se mwen menm ki touché ròb ou-a”

Couplet 5 : “fanm nan kanpe tou ap tranble
Jezu rete, li gade fanm nan
Li di fanm nan: “ou gen lafwa,
Avèk lafwa wa jwenn gerizon.”

Partager ce chant

Te Gen Yon Fanm Kit ERéveillons-nous Chrétiens · n° 29 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :