Couplet 1 : Lè nou nan dezè-a lè nou gade syèl la
N’ap sonje gin lòt kay papa-m al prepare
Si mwen fè volonte-l, l-ap ban mwen yon kouwòn
Refren
Satan patisipe prèske nan tout bagay
Si Jezu pa te la, di mwen sa mwen ta fè (bis 2 liy)
Couplet 2 : Mwen santi-m vle ale se pase m’ap pase
Mwen pa moun isiba
Vwayajè wout mwen long
Peyi-m se nan syèl la
Si Bondye va ede-m
Couplet 3 : Kamyon-an trè chaje
Gen lè-l pra’l chavire
Bato-a pra’l koule Jezu se vòl dirèk
Se nan li mwen konfye’m
Se li menm k’ap sovem
Couplet 4 : N’ap priye, satan la
N’ap mache satan la
N’ap dòmi satan la
N’ap jene satan la
Nan misyon satan la satan nan tout bagay
Couplet 5 : N’ap jwaye e satan la
N’ap preche satna la
Nan legliz satan la nou vire santan la
Nou tounen satan la.
Satan nan tout bagay.