Couplet 1 : Lè mwen sèl e dekouraje,
Lè-m pa gen moun pou mwen konfye-m
Mwen konnen Jezu, li toujou la e li konprann
Lè Jezu la, tout tristès ale
Nanm mwen vi-n kalm, lespri-m vi-n lib
Mwen konnen Jezu toujou la pou’l ede mwen
Refren
Se Jezu sèl ki k’ab konprann mwen
Se Jezu sèl ki k’ab ede-m
E pwoteje-m nan tout traka nan lavi sa-a
Se Jezu sèl ki kenbe men-m
Se Jezu sèl ki sekoure-m
Se Jezu sèl, wi se li menm sèl ki konn bezwen-m
Couplet 2 : Si ou bezwen li Jodi-a
Ou mèt aproche’w bò kwa-a
Mwen konnen Jezu, li toujou la e li konprann
Ou mèt pote tout fado-ou ba li,
E li va rezoud yo pou nou
Mwen konnen Jezu li toujou la pou’l ede mwen