Couplet 1 : Seye Bondye mwen sezi nan prezans ou,
Le-m we monn sa-a ke men ou te kreye,
Zetwal yo la, mwen tande loraj gwonde
Se pwisans ou tout linive montre.
Refren
Nanm mwen chante non ou Bondye pwisan :
Ala ou gran, ala ou gran (2 fwa)
Couplet 2 : Le mwen sonje, Bondye bay sel pitit li
Pou-l vin mouri, se sa ki touche ke-m
Sou bwa kalve, li pote tout fado mwen,
San li koule pou wete tout peche-m.
Couplet 3 : Le Kris paret, zanj yo va admire li
La pran-m nan syel nan rejwisans tout tan
M-a pwostene nan pye-l pou adore li,
E proklame « Bondye ala ou gran. »