Réveillons-nous Chrétiens· Chant d’Espérance· n° 66· Kreyòl

Le nou nan lamize, akable toumente

Aussi en Français : n° 66, Marchant avec Christ.

Couplet 1 : Le nou nan lamize, akable toumante,
Le la vi nou boulvese
Le nou pedi espwa
Le tout bagay fe nwa,
Le nou pa we devan,
Le tristes nan ke nou,
Le nou nan laflilksyon
Le nou vle dekouraje
Leve zye nou anle,
Epi gade Jezu
N’a santi nou pi fo.

Refren

Jézu ! Jézu !
Tanpri ban-nou fos pou nou lite,
Jezu ! Jezu !
Si ou pa kenbe-n nou va tonbe.

Couplet 2 : Pafwa se tantasyon
Chak fwa nou vle fe byen,
Men se mal ki prezante,
Nou gen bon volonte,
Men twop difikilte fe nou pedi lafwa.
Pafwa se maladi, gen de le se lanmo,
Elas ! nou dezespere,
Si nou priye Jezu, ke se nan limenm sel
Nou gen konsolasyon

Couplet 3 : Sa vre nou vle travay,
Nou vle machje pou glwa li,
Men nou manke kouraj
Le zeprev yo vini, gen kote nou febli,
Malgre kalamite,
Malgre difikilte
Men nou pa janm ebranle,
Annou priye Jezu,
Paske se limenm sel
Ki kab ban ou lajwa.

Partager ce chant

Le nou nan lamize, akable toumenteRéveillons-nous Chrétiens · n° 66 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :