Réveillons-nous Chrétiens· Chant d’Espérance· n° 74· Kreyòl

Bo pi Jakob la yon jou le Seye

Aussi en Français : n° 74, Le Seigneur nous a aimes...

Couplet 1 : Bo pi Jakob la yon jou le Seyè
Rankontre yon samariten
Ki vini pran dlo, Jezu mande li bwe
Fan’m sila etone
Eske’w pa konnen ke jwif avek samariten
Pagen oken’n rapo, pa gen oken relasyon
Pouki ou mande mwen bwe.
Si ou te konnen ki don Bondye
E kiles ki di ou bali bwe
Se ou menm pito ki ta mande
E mwen Ta ba’w yon bon dlo
Yon dlo ki pa’p jan fini
E ki va dire nan lavi ou
Pou tout létènité

Kè

Mezanmi tande mwen jwenn yon Nonm
Ki di mwen tou sa mwen fè
Non sila-a se yon pwofet
Eske se pa li menm ki Kris-la !
Mezanmi tande mwen jwenn yon nonm
Ki di mwen tout sa mwen fè,
Nonm sila-a li se pitit, Bondyé
Se li menm ki mesi-a,
Li konnen tout sa ki nan ke mwen.
Sa se yon bagay ki meveye !
Li ban mwen yon dlo pou mwen pa Jan’m swaf.

Couplet 2 : Le fan’m nan tande ke Jezu
Kapab bali yon dlo pou li pa jan’m swaf,
Fan’m nan etone piplis
Li mande kikote Ou va jwenn bon dlo ?
Tout de men ou vid
Ou pa gen anyen pou pran dlo
Eske ou pi gran pase Jakob ki bay pi sa-a,
Ban mwen yon ti gout ladan’n
Jezu di fan’m nan kote mari’w
Ale chache’l, epi vi’n jwenn mwen
Fan’m nan bay manti, men elas
Pagen Pies moun ki kab’ twonpe Jezu.
Ou di ou pa gen mari, e poutan
Ou pase senk déjà e denye ya pa pou ou.

Couplet 3 : Mezanmi tande
Mwen jwenn yon non’m
Ki ban mwen yon dlo
Pou mwen pa jan’m swa (bis 2 liy)
Vini bwe dlo sa-a
Epi swaf ou va pase.

Partager ce chant

Bo pi Jakob la yon jou le SeyeRéveillons-nous Chrétiens · n° 74 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :