Couplet 1 : Mwen sonje gen yon jou kijan
Mwen te malad
Dokte te di’m konsa li pa kwe map sove.
Paran’m te tande sa, yo tout te pran krye
Men Jezu te pale nan jou sa-a
Refren
Mwen pa kapab bliye, bliye jou sa-a
Koman’w ou vle pou’m ta bliye jou sa-a
Jou’m te jwenn soulajman pou nan’m mwen
Glwa a Dye (bis)
Couplet 2 : Le mwen pat gen Jezu, ke mwen te tout tris
Mwen pat kapab manje, e mwen pa kapab domi,
Le’m vini jwenn ka Jezu tout bagay te change
A la yon bon zanmi se Jezu.
Couplet 3 : Le mwen te nanmond la, m’te toujou ap kriye
Peche mwen te leve, pwoblem agoch adwat
Mwen te remet Jezi ti res la.
Couplet 4 : Jodi-a si gen yon moun ki poko gen Jezu,
Kouri vi’n aksepte’l paske le-a
Nan Jezi gen la pe, gen lavi nan Jezu
Nan Jezi gen yon let kap koule.
Couplet 5 : Ou menm fre’m, se’m yo ki déjà nan legliz
Fok ou kapab konnen ke satan frekan,
Met tripotaj ate, mete logey ate,
Pou satan pa vire men-l pran w.
Couplet 6 : Ou vle kraze Legliz avek lan ou genyen
Ou fe pawol mache sou do fre
Lanj Bondye ba w a, se pou lwe non li
Konveti’w koulie-a piga’w jwe.