Elas, elas, mwen regrèt sa pou lemon’n
Talè konsa lemon’n pral boulvese
Elas, élas, mwen regret sa pou lemon’n
Tale konsa lemon’n pral dlo nan je.
Pou nenpot ti bagay
Ou we you’n meté kouto sou lot,
Pou nenpot ti bagay
Ou tande lom ap tiye lom,
Lom kapab gade lom
Yon moman yo mete’l kadav,
Yap touye, yap jete-ou
Ke yo pa jan’m sole.
Lezom fabrike zam
Se pa pou yo touye pye bwa
Lezom fabrike zam
Se pa pou touye zannimo,
Lezom fabrike zam
Se pou touye lom parey yo
Yap touye’w, Yap jete’w
Epi yap banboche
Akaba k Jezabel
Met ansan’m pou touye Nabot,
Akab ak Jezabel
Te panse Bondye pat we yo.
Sa pat rete konsa
Letenel te kondane yo,
Se yon ekzanp, yon ekzanp
Bondye trase sou yo.
Réveillons-nous Chrétiens· Chant d’Espérance· n° 78· Kreyòl
Elas, elas, mwen regret sa pou lemon'n
Aussi en Français : n° 78, Si la route est jonchée de peine et de douleurs