Couplet 1 : Otrefwa-m té kouché,
Zyem louvri m’ap pansé,
Ak komandman Jezi-Kri
Tap bay disip li yo,
Mwen te santi lè sa-a
Yon gwo transformasyon
Yon rivye t’ap koulé nan zye mwen
Refren
Jezu Kri apran-n nou,
Nou dwe gen tet ansan’m
Pi gran Komandman-an
Se renmen nou youn lot
Ak tout fos de tou kè
Padone frè nou yo
Pi gran Komandman-an
Se renmen nou youn lot.
Apran’n a padoné
tout fre e se nou yo
Men’m le yo meprize-n
Kou yon fatra ki abandone,
Pa kriye, pa plenyen
resiye ou frè mwen,
Soufrans lan di se vre, pran Kouraj
Pataje ak frè ou
Tristes li ak lapen-n
Se sa Jezu mande
Pou nou yon soufri pou lot,
Pa imilye fre’w, pa imilye se’w
Nou tout en jeneral sé pousyè.