Réveillons-nous Chrétiens· Chant d’Espérance· n° 30· Kreyòl

Mwen Gen Yon Bon Papa

Aussi en Français : n° 30, De la poussière de la terre

Couplet 1 : Mwen gen yon bon papa
Ki konnen fè tout mirak
Li konn geri malad
E li konn chase demon
Li konn chase tristès,
E li resisite mò
Li kon chase peche,
E li konn sove nanm yo

Refren

Se Jezu bon mèt la,
Li konn fè tout mirak
Li konn geri malad,
Li konnen chase demon
Jezu bon Sovè-a
Konn leve menm moun mouri.
Menm tanpèt avèk van
Li genyen pouvwa sou yo

Couplet 2 : Yon jou li tap mache,
Li rankontre dis lepre
Men lè yow è Jezu yo rele
Pitye pou nou.
Men yo te panse
Li ta prale lapide yo
Menm lè-a kè-l touché-l
Li gen konpasyon pou yo,
Li geri yo menm lè
E yo vini pirifye.

Couplet 3 : Yon jou li te sou lanmè
Avèk kèk nan disip yo
Yon tanpèt te leve
Bak la-prèt pou-l chavire
Jezu te nan domi
Disip yo te pra rele’l
Li leve men’l anlè,
Li di “van fè silans”

Couplet 4 : Yon jou yo te Mennen ba li
Yon fanm adiltè
Men yo te panse
Li prale lapide fanm nan
Lè li gade fanm nan
Li genyen pitye pou li,
Li di’l mèt ale men pa fè peche ankò

Partager ce chant

Mwen Gen Yon Bon PapaRéveillons-nous Chrétiens · n° 30 · Kreyòl

Continuez sur l'app DooBible

Connexion, favoris et playlists sont dans l’application. Gratuite sur iPhone et Android.

Ou copiez le lien pour l’ouvrir plus tard :